Force Démocratique Haïtien Intégré - FDHI

L’ Accession d'une Nouvelle Génération de Jeunes Politiciens
AN NOU FÈL YON LÒT JAN  www.democratiefdhi.com

INFORMATION GENERALE (BLOGS)

APEL A YON KOEZYON NASYONAL

Posted by Bureau de Formation et de Communication, FDHI on July 7, 2019 at 1:40 PM

Pétion Ville, 27 Oktòb 2018

NÒT POU LA PRÈS 

Lèt ouvè a Prezidan Repiblik la, M. Jovenel Moïse

Mesye Jovenel Moïse, Prezidan Repiblik la

Prezidan, 

Nou menm, nan Pati Politik Force Démocratique Haïtien Intégré-FDHI, te pran nòt de efò kew eseye fè nan lavaj antouraj ou nan Palè Nasyonal sou dosye PETRO CARIBE a. Osi byen ke nou anvi konplimantew men Prezidan, konsta lavaj antouraj ou a pa klè e li gen anpil desepsyon la danl, li enkonplè, li maske e li inakseptab.

Ou wè Mesye Prezidan, tankou janm te diw nan denye mesaj mwen an ; li nan enterèw ak enterè peyi a pouw koute avèk anpil atansyon a rèl pèp la. Pèp la pa stipid e malgre problèm sosyal yo ak problèm ekonomik yo, pèp la non sèlman vinn pi rezistan, men tou, li vinn pi entelijan.

Pandan ke nou kondanne tout konpòtman kraze brize yo, map profite poum di pèp la ke mouvman sa a PETRO BIZANGO ki kòmanse pa trò lontan, se pa objektif mouvman PETRO JISTIS la, li se pito yon devyasyon de yon ti gwoup kap kreye yon distraksyon ki kontrè a lit pou jistis ke mas popilasyon an ap reklame. Destriksyon pwopriyete prive ak pwopriyete piblik se pa jistis saa nap chache. Nou prefere yon lòt fòm presyon pou nou asire nou ke nou gen la lwa bò kote nou.

Malè ap siyonnen sou tèt peyi d’Ayiti. Ou menm Mesye Prezidan e ou menm sèlman gen pouvwa pou bese chalè saa e evite sa mwen konsidere yon koze ki ka vinn pi mal pou peyi a. Prezidan, ou ta dwe jwe wòl de yon RASANBLÈ e pouw ta pran avantaj de kriz saa pouw ta mete ansanm tout moun nan diferan Pati Politik yo kap reve pou Ayiti ta vinn yon nasyon tout bon vre, tout kouch nan sosyete nou an anvan li vinn twò ta pou ou. Ou ta dwe sezi opòtinite sa a pouw mete Ayiti devan tout lòt bagay e menm anvan pwòp tèt ou. Yon KOEZYON NASYONAL trè enpòtan nan tout aksyon klè ak aksyon onèt ou ki ka enspire konfyans nan yon pèp ki pa kwè nan ou ankò. Men pa kont, li pa janm twò ta pouw ta fè sa ki bon... 

Pwoblèm peyi d’Ayiti pi grav toujou pase kriz PETRO CARRIBE a. Si ou pa pran sanw ak tout lusiditew ki nesesè pou fèw konprann konsekans yo, listwa pap padonew. 

Pati Politik Force Démocratique Haïtien Intégré-FDHI vle fòmèlman avètiw Prezidan, ke yon sèl bagay pouw fè prese prese se chache janw konnen pouw bloke depi nan manmèl katastwòf imen sa kap vini sou nou laa. Se sèlman lidèchip ou ak kapasitew pouw sakrifye tèt ou pou yon nasyon kew te fè sèman pouw travay pou byenèt sosyal li ak byenèt ekonomik li, ki ka anpeche boulvèsman imèn saa.

Pandan ke nap preche l’Inyon fè la fòs, an nou pa kite dezinyon nou fè feblès nou. Mwen menm, Dr Eddy Delaleu, la vey mwa Novanm ane 2018 la, fè apèl a tout nasyon an pou nou fè yon sèl jodi a; kew nan sektè prive, sektè piblik oswa lòt sektè yo; kew se Pwotestan, Katolik oswa Vodouizan; kew se Desalin ou Petion, kew sòti lavil ou nan mòn, kew se fanm ou gason, jèn ou granmoun, polisye ou sivil: mwen mande nou tout jodi a menm pou NOU INIFYE NOU avèk yon sèl objektif pounn sove Ayiti nan jou fè nwa, san koule, kote moun ap pèdi lavi yo ke ou menm sèlman Mesye Prezidan kapab evite.

Pose aksyon touswit, aksyon ki klè menm si yo kapab fè ou mal. L’istwa pap manyenw trò fò e l’istwa ap pi favorab pou ou.

Resevwa Mesye Prezidan, salitasyon patriyotik nou.

ANN FÈL YON LÒT JAN

Dr Eddy Delaleu, D.D, Secrétaire Général-FDHI  

mb : Dr.ED, ASMM, PRJ, SJD


cc : Bureau Exécutif National, Saintfard Charles Saintvil, Responsable Affaires Politiques-FDHI, Coordination Nationale, Agronome Stervil Mackingson Mackindy, Coord. Général-Patfòm Pitit Zansèt yo Reveye PPZANREV, Pierre Richard Joseph, Secrétaire de Mobilisation-Pèp Moyiz Pou Demokrasy OPMD, Syervil Josué Desir, Coordonnateur KRI-PEP Pierre Saint-Ange, Coordonnateur Centre du Vodou Haitien CVH, Christnora Chery, Coordonnatrice Asosiasyon Vodou Sid Ès AVOSE, Mirlande Jean, Coordonnatrice Oganisasyon Fanm Progresis Dayiti OFPD, Evelyne Dorime, Coordonnatrice Òganizasyon Fanm pou Demokrasi OFD Et autres Organisations Populaires à travers le pays...


VERSION FRANCAISE


Pétion Ville, le 27 Octobre 2018 

NOTE DE PRESSE 

Lettre ouverte au Président de la République M. Jovenel Moïse 

Appel à une Cohésion Nationale

Monsieur Jovenel Moïse, Président de la République

M. le Président,

Nous, au sein du Parti Politique Force Démocratique Haïtien Intégré-FDHI, avions constaté votre effort dans la lavure de votre entourage au Palais National sur le dossier PETRO CARIBE. Aussi bien le besoin de vous complimenter est là mais Monsieur le Président, le constat est un peu décevant dans ce nettoyage que nous considérons partiel, masqué et inacceptable.

Vous voyez Monsieur le Président, il est dans votre intérêt et celui de la nation de prêter une oreille attentive au cri du peuple comme je vous l’avais dit récemment dans mon dernier message. Le peuple n’est plus stupide et malgré leurs problèmes sociaux et leurs problèmes économiques, le peuple non seulement est plus résilient, mais aussi est devenu plus intelligent.

Alors que nous condamnons certains comportements destructeurs, je veux en profiter pour dire au peuple que ce mouvement PETRO BIZANGO initié pas trop longtemps, n’est pas l’objectif de PETRO JUSTICE, c’est plutôt une déviation d’un petit groupe qui crée une distraction controverse de la lutte pour la justice que la grande population réclame. La destruction des biens privés et publiques n’est pas là le chemin de justice escomptée, une autre forme de pression est souhaitable pour que vous soyez du côté de la loi.

Le malheur sillonne sur notre nation. Vous Monsieur et vous seulement a le pouvoir de l’atténuer et éviter ce que j’envisage comme pire pour le pays. Vous devriez, Monsieur le Président, jouer le rôle de RASSEMBLEUR et en profiter de cette crise pour ramener ensemble toutes les têtes pensantes de différents Partis Politiques rêveurs d’une vraie nation, toutes les couches de notre société avant qu’il soit trop tard pour vous. Vous devriez saisir cette opportunité pour mettre HAITI avant toute chose et même avant votre propre personne. Une COHESION NATIONALE s’avère importante à travers vos actions claires et honnêtes pouvant inspirer confiance à un peuple qui ne croit plus en vous. Par contre, il n’est jamais trop tard pour bien faire…

Le problème d’Haiti est beaucoup plus grave que la crise PETRO CARIBE. Si vous ne prenez pas le temps et la clairvoyance nécessaire pour en déduire les conséquences, l’histoire ne vous pardonnera pas.

Le Parti Politique Force Démocratique Haïtien Intégré-FDHI veut formellement vous avertir Monsieur le Président que votre action immédiate est de bloquer dans l’œuf cette catastrophe humaine qui se branle sous notre seuil. Seul votre leadership et votre capacité de vous sacrifier pour une nation que vous avez juré de travailler pour le bienêtre social et économique du peuple peuvent sauver cette perturbation humaine.

Pendant que nous prêchons l’Union fait la Force, ne laissez pas que notre désunion fait notre faiblesse. Moi, Dr. Eddy Delaleu à la veille du mois de Novembre 2018, je fais appel à la nation de s’unir aujourd’hui même ; que vous soyez du secteur privé, du secteur publique ou autre ; que vous soyez protestants, catholiques ou vodouisants ; que vous soyez Dessalines ou Pétion, que vous soyez de la ville ou de la province ; que vous soyez femmes ou hommes, jeunes ou vieux, policiers ou civils : je demande à vous tous, aujourd’hui même, de NOUS UNIFIER autour d’un seul objectif de sauver Haiti des jours noirs et des bains de sang, des pertes inutiles de vies humaines que seul vous Monsieur le Président êtes capable d’éviter.

Posez immédiatement des actions claires même si elles peuvent vous porter préjudice. L’histoire vous sera plus atténuante et beaucoup plus favorable.

Recevez Monsieur le Président, nos salutations patriotiques.

ANN FÈL YON LÒT JAN


Dr Eddy Delaleu, D.D Secrétaire Général-FDHI

mb : Dr.ED, ASMM, PRJ, SJD cc : Bureau Exécutif National

Saintfard Charles Saintvil, Responsable Affaires Politiques-FDHI, Coordination Nationale, Agronome Stervil Mackingson Mackindy, Coord. Général-Patfòm Pitit Zansèt yo Reveye PPZANREV, Pierre Richard Joseph, Secrétaire de Mobilisation-Pèp Moyiz Pou Demokrasy OPMD, Syervil Josué Desir, Coordonnateur KRI-PEP, Pierre Saint-Ange, Coordonnateur Centre du Vodou Haitien CVH, Christnora Chery, Coordonnatrice Asosiasyon Vodou Sid Ès AVOSE, Mirlande Jean, Coordonnatrice Oganisasyon Fanm Progresis Dayiti OFPD, Evelyne Dorime, Coordonnatrice Òganizasyon Fanm pou Demokrasi OFD, Et autres Organisations Populaires à travers le pays...

Categories: None